top of page
Untitled-3_edited.jpg

Vyolans ki baze sou sèks 

Dezyèm domèn aksyon nou an se batay kont vyolans ki baze sou sèks, an patikilye vyolans seksyèl kont fanm ak tifi. Nou pran angajman pou konbat fòm vyolans sa a sou tout fòm li yo, epi pou sipòte sivivan yo. OCNH ankouraje yon sosyete kote tout moun, fanm kou gason, ka viv an sekirite, san vyolans ak opresyon.

 

Prensipal aksyon OCNH te fè nan batay kont vyolans ki baze sou sèks

Sensibilisation kont vyolans

Dokimantasyon ak tretman ka vyolans seksyèl

Sipò sikososyal ak legal pou sivivan vyolans.

Violence Basée sur le Genre

Sipò OCNH pou Viktim Vyolans Seksyèl an Ayiti

Dekouvri angajman Òganizasyon Sitwayen pou yon Nouvo Ayiti nan batay kont vyolans seksyèl sou fanm ak tifi ann Ayiti. Nan videyo sa a, nou montre travay enpòtan nou an pou bay asistans medikal ijan epi ede sivivan yo rebati lavi yo atravè aktivite ki bay revni.

Sitiyasyon fanm ki viktim vyolans seksyèl nan zòn metwopolitèn Pòtoprens.

Dekouvri dokimantè OCNH sa a, ki plonje nan kè reyalite fanm ki viktim vyolans seksyèl nan zòn metwopolitèn Pòtoprens. Eksplore istwa yo sou kouraj, rezistans ak espwa nan videyo sa a ki dekri doulè sivivan vyolans seksyèl sa yo.

bottom of page